Selections from the Writings of the Báb
Haitian Creole ·
BB00100EXI BB00100EXI
Glwa pou Ou, O Bondye! Se Ou menm Bondye Ki te egziste anvan tout bagay, Ki ap egziste aprè tout bagay e Ki pral kontinye pi lontan pase tout bagay. Se Ou menm Bondye Ki konnen tout bagay, Ki gen otorite sou tout bagay. Se Ou menm Bondye Ki trete tout bagay avèk mizèrikòd, Ki jije ant tout bagay e Ki gen yon konesans ki anbrase tout bagay. Se Ou menm Bondye Senyè mwen, se Ou menm Ki konprann pozisyon mwen, se Ou menm Ki temwaye egzistans espirityèl ak materyèl mwen an.
Voye padon Ou pou mwen e pou kwayan yo ki te reponn ak Apèl Ou. Bondye, se pou rete sipò a k’ap sifi pou mwen kont mechanste nenpòt moun ki ta vle voye tristès sou mwen oubyen ki espere malè rive sou mwen. An verite, se Ou menm Ki Senyè pou tout bagay ki te kreye. Se Ou menm Ki sifi pou tout moun, men pèsonn moun pa sifi pou kont li san Ou menm.
BB00374MEA BB00374MEA
Asepte voye pou mwen, O Bondye mwen, tout pòsyon pa mwen nan lanmou Ou ak bon volonte Ou, epi pote kè nou ale avèk leman ki anndan bèl limyè Ou a, O Ou menm Ki Pi Gran Prèv la ak Tout Gloriye a. O Senyè bonte a, kòm yon siyn gras Ou, voye desann sou mwen, pandan tout jounen an e pandan lanwit, souf Ou yo k’ap bay lavi.
Mwen pa te akonpli okenn aksyon, O Bondye mwen, ki ta fè mwen merite gade vizaj Ou, e mwen sèten menm si mwen ta viv toutotan lemonn t’ap kontinye, mwen pa t’ap kapab akonpli yon zèv ki ta fè mwen merite favè sa a, paske ran yon sèvitè pral toujou two ba pou li merite antre nan lakou sakre Ou a, sof si bonte Ou ta rive jwenn mwen epi dous mizèrikòd Ou ta ranpli mwen, epi jantiyès Ou ki plen lanmou a ta antoure mwen.
Tout lwanj pou Ou, O Ou menm Ki sèl Bondye Ki genyen. Avèk gras Ou, ede mwen monte vin jwenn Ou, e fè m’ jwenn onè abite tou pre Ou e fè mwen rankontre Ou pou kont mwen. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm.
An verite, si Ou ta vle voye benediksyon sou yon sèvitè, lè sa a Ou t’ap elimine nan wayòm kè li tout lòt pawòl oubyen anvi ki pa pawòl sou Ou menm; e si ou ta vle voye mechanste pou yon sèvitè poutèt enjistis li te fè devan figi Ou avèk pwòp men pa li, lè sa a Ou t’ap voye kòm eprèv pou li tout avantaj ki genyen nan lemonn sa a ak nan lòt mond la tou pou li ta kapab vin pèdi nan yo epi bliye souvni Ou.
BB00490 BB00490
- Nan Non Bondye, Senyè a Ki gen yon majeste k’ap domine tout bagay, Sila a Ki Dirije Tout Bagay. Sanntifye se Senyè a Ki kenbe nan men Li sous tout otorite. Li kreye tout sa Li vle avèk pouvwa kòmandman Pawòl Li; Li bay lòd pou li “Fèt,” epi vrèman li fèt. Se Li menm Ki te gen pouvwa otorite anvan an, epi pouvwa sa a pral rete pou Li pou tout tan. Li bay laviktwa ak nenpòt moun Li vle, avèk pisans lòd Li. Li se vrèman Sila a Ki Plen Pouvwa a, Toupisan an. Se Li Ki posede tout glwa ak majeste nan wayòm Revelasyon ak Kreyasyon yo ak nan tout sa ki egziste nan mitan yo de a. An verite, se Li menm Ki Pisan an, Tout Gloriye a. Depi tout etènite se Li Ki te Sous pouvwa viktorye a epi Li pral rete menm jan an pandan tout etènite. Li se vrèman Senyè pisans ak pouvwa a. Tout wayòm syèl la ak tè a ak kèlkeswa sa ki nan mitan yo de a se pou Bondye, epi pouvwa Li domine tout bagay. Tout trezò sou tè a ak nan syèl la ak nan kèlkeswa sa ki nan mitan yo de a se pou Li, epi pwoteksyon Li kouvri tout bagay. Li se Kreyatè syèl la ak tè a ak kèlkeswa sa ki egziste nan mitan yo, vrèman Li se temwen tout bagay. Li se Senyè Jijman an pou tout sa ki rete nan syèl la ak sou tè a ak tout sa ki rete nan mitan yo de a, vrèman Bondye rapid nan jijman Li. Li fikse mezi ki etabli a pou tout sa ki nan syèl la ak sou tè a ak tout sa ki nan mitan yo. An verite, se Li menm Ki Pwotektè Siprèm nan. Li kenbe nan men Li kle ki pou syèl la ak tè a ak tout bagay ki nan mitan yo. Daprè pwòp plezi pa Li, Li voye favè Li yo, avèk pouvwa kòmand Li. Vrèman gras Li antoure tout bagay, epi se Li menm Ki Konnen Tout Bagay. Se pou nou di: Bondye sifi pou mwen; se Li menm sèl Ki kenbe anba kontwòl Li wayòm tout bagay. Li pwoteje tout sèvitè Li yo Li vle avèk pouvwa lame Li yo ki nan syèl la e ki sou tè a e ki nan tout sa ki nan mitan yo de a. An verite, je Bondye fikse sou tout bagay. Ou egzalte pi wo pase sa ki kapab mezire, O Senyè! Pwoteje nou kont sa ki rete devan nou, dèyè nou, sou tèt nou, nan men dwat nou, nan men goch nou, anba pye nou ak nan tout lòt direksyon kote ki gen danje. An verite, pwoteksyon Ou sou tout bagay pa kapab echwe.
BB00522REF BB00522REF
O Senyè! Bò kote Ou mwen chèche refij, e mwen fikse kè mwen nan direksyon tout siyn Ou yo.
O Senyè! Menm si mwen nan vwayaj oubyen mwen lakay, si mwen nan okipasyon mwen ak nan travay, mwen mete tout konfyans mwen nan Ou.
Ban mwen sipò Ou k’ap sifi pou fè mwen vin endepandan ak tout bagay, O Ou menm Ki san parèy nan mizèrikòd Ou!
O Senyè! Voye pou mwen pòsyon pa mwen daprè plezi Ou, epi fè mwen kontan ak tout sa Ou te chwazi pou mwen.
Se Ou menm Ki gen tout otorite pou kòmande.
BB00553 BB00553
Lwanj pou Non Ou, O Senyè Bondye nou! Se sèl Ou menm vrèman Ki konnen bagay ki kache yo. Chwazi pou nou sa ki bon daprè sa sèl Ou menm kapab estime poutèt konesans Ou ki antoure tout bagay. Se Ou menm Senyè souveren an, Toupisan an, Pi Byeneme a.
Tout lwanj pou Ou, O Senyè! Nou pral chèche gras Ou nan Jou Jijman an e nou pral mete tout konfyans nou nan Ou menm, Sila a Ki Senyè nou. Glwa pou Ou, O Bondye! Voye pou nou sa ki bon e sa ki kòrèk pou pèmèt nou detache nou ak tout bagay esepte Ou menm. An verite, se Ou menm Ki Senyè a pou tout mond yo.
O Bondye! Bay sila yo ki reziste avèk pasyans nan Jou Ou yo yon bon rekonpans, ranfòse kè yo pou yo kapab mache dwat san dètou nan chemen Laverite a. O Senyè! Voye yo tout favè sa yo ki pral pèmèt yo jwenn posibilite antre nan Paradi Ou k’ap debòde avèk lajwa a. Se Ou menm Ki Egzalte, O Senyè Bondye. Fè benediksyon selès Ou yo desann sou tout kay kote abitan yo te kwè nan Ou. An verite, Ou pa gen youn ki parèy Ou nan voye benediksyon diven yo desann. O Bondye, mete nan chan travay la lame zanj Ou yo ki pral rann sèvitè fidèl Ou yo viktoriye. Avèk pouvwa kòmandman Ou, Ou fòme tout bagay ki kreye daprè volonte Ou. Se Ou menm vrèman Ki Souveren an, Sila a Ki te kreye tout bagay, Sila a Ki Gen Tout Sajès la.
Se pou nou di: An verite se Bondye Ki Atizan tout bagay. Li bay sekou an kantite pou tout moun Li vle. Li se Kreyatè a, Sous tout kreyati yo, Sila a Ki te fè tout bagay parèt, Toupisan an, Atizan an, Sila a Ki Gen Tout Sajès la. Se Li Ki Posede tout tit ki pi bon yo nan tout syèl la ak sou tè a e nan tout sa ki rete nan mitan yo de a. Nou tout fè volonte Li, epi tout abitan sou latè e nan syèl la chante lwanj Li, e nan Li menm nou tout pral retounen.
BB00554 BB00554
Lwanj pou Ou, O Senyè, Byeneme mwen an! Fè mwen fèm nan Koz Ou a, e pa kite mwen konte pami sila yo ki te vyole Alyans Ou e ki te swiv idòl ki soti nan imajinasyon initil yo. Alò, pèmèt mwen jwenn yon syèj laverite nan prezans Ou, voye sou mwen yon siyn mizèrikòd Ou e asepte pou mwen rasanble avèk yo menm pami sèvitè Ou yo ki pa pral gen perèz e ki pa pral tonbe nan chagren. Pa abandone mwen pou kont mwen, O Senyè mwen, e pa anpeche mwen rekonèt Sila a Ki se Manifestasyon Pwòp Lespri Ou, ni pa konte mwen pami yo menm ki te vire do bay prezans sakre Ou a. Konte mwen, O Bondye mwen, pami moun ki jwenn privilèj pou fikse rega yo sou Bote Ou e ki tèlman jwenn kontantman nan Bote sa a yo pa t’ap chanje yon sèl moman ladann li pou souverènte syèl la ak tè a ni pou tout wayòm kreyasyon an. Gen mizèrikòd pou mwen, O Senyè, nan jou sa yo kote pèp ki viv sou tè Ou a te plonje nan erè; epi voye pou mwen, O Bondye mwen, sa ki bon e kòrèk daprè Ou menm. An verite, se Ou menm Ki Gen Tout Pouvwa, Ki Plen Gras, Ki Plen Bonte, K’ap Toujou Padone.
Asepte, O Bondye mwen, pou mwen pa t’ap konte pami yo menm ki gen zòrèy men ki pa kapab tande, ki gen je ki avèg, ki gen lang men ki pa kapab pale e ki gen kè ki manke konprann. Delivre mwen, O Senyè, anba dife inyorans ak dezi egoyis, pèmèt mwen jwenn chans antre nan lakou mizèrikòd Ou ki depase tout bagay e voye desann sou mwen sa Ou te sere pou moun Ou te chwazi yo. Ou gen pisans pou fè tout sa Ou vle. An verite, se Ou menm Ki Pote Sekou nan Danje, Ki Egziste Pou Kont Ou.
BB00593 BB00593
O Bondye Senyè nou! Pwoteje nou avèk gras Ou kont tout bagay Ou rayi, e voye pou nou sa ki t’ap diyn pou grandè Ou. Ban nou plis nan bonte Ou, epi beni nou. Efase tout bagay nou te fè yo, lave nou retire tach peche nou yo, epi padone nou avèk padon Ou ki plen gras. An verite, se Ou menm Ki Pi Egzalte a, K’ap Rete pou kont Ou.
Pwovidans Ou ki plen lanmou an te antoure tout bagay ki te kreye nan syèl la ak sou tè a, epi padon Ou te depase tout kreyasyon an. Souverènte se pou Ou; Wayòm Kreyasyon ak Wayòm Revelasyon yo chita nan men Ou; men dwat Ou kenbe tout bagay ki kreye, epi Ou genyen anba kontwòl Ou mezi padon ki etabli yo. Ou padone nenpòt pami sèvitè Ou yo Ou deside padone. An verite, se Ou menm Ki Toujou Padone, Sila a Ki Plen Lanmou pou tout kreyati Li yo. Pa gen anyen ditou k’ap sove anba konesans Ou, epi okenn bagay egziste ki kapab kache pou Ou.
O Bondye Senyè nou an! Pwoteje nou avèk pouvwa pisans Ou, epi pèmèt nou plonje nan oseyan mèveye Ou k’ap monte a, e ban nou sa k’ap parèt kòrèk pou Ou.
Se Ou menm Dirijan Souveren an, Sila a Ki fè zèv avèk pisans, Egzalte a, Li menm K’ap Toujou Bay Lanmou.
BB00617 BB00617
Mwen sipliye Ou, O Senyè mwen, pou padone mwen poutèt tout pawòl mwen di ki neglije Ou, poutèt tout lwanj mwen bay ki pa pou Ou, pou tout kontantman mwen santi ki pa soti nan prezans Ou, pou tout plezi mwen jwenn ki pa soti nan plezi ki genyen lè m’ap priye Ou, pou tout jwa ki pa jwa ki genyen nan lanmou Ou ni nan bon plezi Ou, e pou tout bagay ki lye avèk mwen menm men ki pa gen okenn relasyon avèk Ou, O Ou memn Ki Senyè tout senyè yo, Sila a Ki bay mwayen yo e Ki detake pòt yo.
BB00621 BB00621
Se Ou menm Ki louwe ak glorifye, O Bondye! Fè jou kote n’ap jwenn sen prezans Ou an rive vit. Rejwi kè nou avèk pisans lanmou Ou ak bon plezi Ou, epi voye fidelite sou nou pou pèmèt nou swiv Volonte Ou ak Lòd Ou avèk tout kè nou. An verite, konesans Ou anbrase tout bagay Ou te kreye nan tan pase yo ak tout bagay Ou pral kreye nan lavni, epi pouvwa selès Ou depase pouvwa tout sa Ou te fè egziste ak tout sa Ou pral fè egziste. Pa gen anyen lòt pou nou ta adore esepte Ou menm, pa gen anyen lòt pou nou ta vle jwenn esepte Ou menm, pa gen anyen lòt pou nou ta onore esepte Ou menm, e pa gen anyen pou nou ta renmen sof bon plezi Ou.
An verite, se Ou menm Ki Dirijan siprèm nan, Verite Souveren an, Sila a Ki Bay Sekou nan Danje, Ki Egziste Pou Kont Li.
BB00623 BB00623
Kiyès aprè Bondye ki kapab fè difikilte yo disparèt? Se pou nou di: Louwe Bondye! Se Li menm sèl Ki Bondye! Nou tout se sèvitè Li, epi nou tout ap viv daprè volonte Li.